
Pou manifestan ayisyen yo, »Match la fini pou Ariel » : PM de facto a dwe jete l
Mercredi 14 septembre 2022 ((rezonodwes.com))— Ariel Henry ki santi l alez kon Blèz depi lè yon twit te mete l sou pouvwa san li pa janm ale nan eleksyon, t ap fè madi a fas ak plizye mouvman de kontestasyon nan tout peyi a, nan pwovens, nan Pòtoprens ak Delma kou nan Petyonvil.
Nan lis revandikasyon manifestan nan Delmas a mande ke Ariel Henry retire kò l paske “match la fin jwe”. Manifestan yo twouve ke “se derespektan apre Ariel Henry te vire dol al Miami mèkredi pase a, epi lè li tounen vandredi se dega li vi n manke p↕p la nan anonse gaz la pra l monte epi li pral fè eleksyon fo mait pou pwòch pouvwa a”.
Pa gen transpò nan Wout Nasyonal yo, Delma 75 bloke, Wout Okay-Jeremi bloke, se yon “peyi lock” san André Michel ke peyi a konen depi lè Premye minis de fakto deside aplike plan FMI an pou monte gaz e toufe pèp la pi plis depi lè lajan Petro Caribe a fin fè fon nan men administrasyon Martelly-Lamothe la.
“Si Ariel vrèman gen grenn, … se poul monte gaz la” se sa manifestan nan Delmas 75 deklare.
Yo ensiste sou depa “esklav mantal la ki la sèlman pou sèvi enterè oligak yo”.
Articles similaires